Lis kontwòl sekou nan ka ijans
Anvan sezon siklòn nan rive
Prepare yon Bwat pwovizyon pou ka dezas.
Prepare yon plan pou wou ak fanmi w nan ka dezas.
Chache konnen si kay ou nan yon zòn inondasyon oubyen nan yon zòn evakiyasyon obligatwa.
Achte materyo pou pwoteje pòt ak fenèt kay ou.
Si w rete nan yon zòn evakiyasyon, gen tan deside davans ki kote ou prale epi fè plan pou 2 wout evakiyasyon.
Si w ap evakye, fè aranjman pou bèt kay ou davans.
Si w fè plan pou w ret lakay ou, chache yon chanm ki an sekirite – yon chanm ki nan mitan kay la, ki atè epi ki gen mwens fenèt ak pòt. Anpil fwa, pi bon kote yo se pandri byen laj yo ak saldeben yo.
Chwazi 2 kote pou nou rankontre si fanmi an pa kab retounen nan kay la.
Chwazi yon moun ki ap viv nan yon lòt eta pou tout moun telefone si tout moun nan fanmi an pa rete menm kote.
Afiche nimewo telefòn kote ki bay moun sekou yo epi moutre timoun yo ki jan ak ki lè pou yo rele 911.
Tcheke ki pwoteksyon ou genyen nan asirans ou epi mete l ajou si sa nesesè.
Fè plan pou w mete bato w an sekirite.
Taye branch bwa nan lakou w.
Fè lide pran yon kou preparasyon nan ka dezas.
Enskri nan pwogram Kòd wouj CodeRED® vil la mete sou pye pou voye anons nan ka ijans.
|