Vil Fort Lauderdale, Florid, preparasyon pou siklòn - Konsèy Sèvis dijèn
City of Fort Lauderdale, Florida - Venice of America
spacer

Preparasyon pou siklòn

Kèk konsèy sèvis dijèn

Anvan move tan an

Hurricane Checklist

Fò w konnen a ki lè kamyon fatra abitye pase.  Ou kab jwenn enfòmasyon sa a sou sit wèb vil la nan adrès sa a: http://gis-it.fortlauderdale.gov/property_info/.

Hurricane Checklist

Depi yo lanse yon avi pou fè konnen siklòn nan pa twò lwen, sèvis dijèn ap sispann ranmase fatra.

Hurricane Checklist

Pa mete ni gwo fatra ni fatra ki soti nan lakou nou deyò lè yo anonse siklòn oubyen lè yo fè yon avètisman pou yon siklòn, oubyen lè yon siklòn prèske rive nan zòn nan.

Hurricane Checklist

Chak ane pandan sezon prentan, netwaye pye bwa yo, netwaye plant yo byen netwaye.

Hurricane Checklist

Wete tout pyebwa ki mouri, tout branch ki sèch, tout sa ki chèch sou pye kokoye ak pye palmis, tout kokoye ki chèch, anpile yo pou kamyon fatra pase pran yo anvan sezon siklòn nan kòmanse.

Hurricane Checklist

Sere tout bourèt ak tout bwat yon kote in an sekirite pou van pa pote yo ale epi mare yo byen mare. 

Hurricane Checklist

Pami atik ou prepare mete la an ka gen siklòn, pa bliye mete yon sache plastik pou met fatra pami atik sa yo.

Pandan move tan an

Hurricane Checklist

Sèvis dijèn ap sispann tout aktivite li lè gen siklòn.

Hurricane Checklist

Mete tout fatra nan sache fatra epi fèmen yo byen fèmen pou w jete yo, kon sa w ap ka evite salte nan kay la. 

Hurricane Checklist

Prepare w pou w sere fatra nan sache pandan plizyè jou nan kay la.

Hurricane Checklist

Pa bliye mete bagay ki ka resikle yo apa.

Hurricane Checklist

Koute radyo ak televizyon pou w kab konnen sa dirijan nan vil Fort Lauderdale yo ap fè.

Apre move tan an

Hurricane Checklist

Atann ou a kèk chanjman nan orè sèvis dijèn are yon siklòn. 

Hurricane Checklist

Mete tout fatra ou genyen nan sache plastik, mare yo byen mare jiskaske sèvis dijèn rekòmanse travay.

Hurricane Checklist

Nan gwo fatra n ap jete, wete tout bagay ki gen glas ladan yo tankou fenèt, pòt ak miwa epi mete yo apa, pou evite tout traka

Hurricane Checklist

Mete tout fatra yo yon kote ki fasil pou ranmase yo, pa mete yo pre machin, pre kloti kay la, ak pre fil kouran yo.

Si w bezwen plis ransèyman

Si w bezwen plis ransèyman sou kote y ap distribiye atik moun bezwen, ki lè y ap ranmase fatra, kondisyon sikilasyon an, wout ki fèmen, anons yo fè pou prekosyon moun dwe pran, ak lòt enfòmasyon enpòtan, telefone Biwo vil Fort Lauderdale la nan nimewo telefòn espesyal pou ka ijan nan 954-828-8888. Tout anons yo anrejistre. W ap ka jwenn tout enfòmasyon sa yo anvan siklòn nan, pandan siklòn nan epi apre siklòn nan sou pòs radyo vil Fort Lauderdale la nan 1610 AM, sou televizyon a kab nan kanal 78 ak sou sit entènèt vil la.

Pou w avèti otorite yo sou gwo dega ou wè, tankou manman tiyo ki koule oubyen ki kase, tou ego ki bouche, wout ki bloke, pye bwa ki tonbe, oubyen lòt kalite pwoblèm, tanpri telefone Biwo ki o sèvis popilasyon an 24 sou 24 nan 954-828-8000.

black-corner-t-l black-side-t black-corner-t-r
black-side-l 1x1

Gid preparasyon pou siklòn

dot-small

Prepare w kounye a!

dot-small

Ki sa siklòn ye?

dot-small

Danje ki gen nan siklòn

dot-small

Lis kontwòl preparasyon

 

· Anvan sezon siklòn nan rive

 

· Pandan anons pou veye siklòn

 

· Pandan gen yon avètisman siklòn

 

· Apre yon tanpèt fin pase

dot-small

Kat ki montre zòn evakiyasyon

dot-small

Wout evakiyasyon

dot-small

Fason pou w pwoteje kay ou

dot-small

Fason pou w pwoteje bato w

dot-small

Pou sa ki bezwen moun ede yo

dot-small

Fè preparasyon pou bèt kay

dot-small

Inondasyon epi asirans

dot-small

Konsèy sou sèvis dijyèn

dot-small

Konsèy sou dlo tiyo ak dlo lapli

dot-small

Prekosyon nan sèvi ak dèlko

dot-small

Klas fòmasyon CERT gratis

dot-small

Moun ou ka kontakte

dot-small

Sit wèb ki enpòtan

dot-small

Inisyativ preparasyon pou moun ki abite nan kondominyòm

dot-small

Gid Pou W Pare PDF File

dot-small

Información en Español

dot-small

Information in English

1x1
black-corner-b-l black-side-b black-corner-b-r

U.S. Department of Homeland Security
Federal Emergency Management Agency (FEMA)
Hurricane Preparedness Web Site
Florida Division of Emergency Management (DEM)
Broward County Emergency Management Agency
National Weather Forecast
Florida Department of Law Enforcement
Salvation Army
American Red Cross
Local Emergency Planning Committee

Get Free CodeRED Emergency Notifications