Vil Fort Lauderdale, Florid, preparasyon pou siklòn - Preparasyon pou sa ki bezwen moun ede yo
City of Fort Lauderdale, Florida - Venice of America
spacer

Preparasyon pou siklòn

Preparasyon pou sa ki bezwen moun ede yo

Photo of Free Ice DistributionMoun ki gen bezwen espesyal se moun ki gen pwoblèm sante ki pa kalifye pou yo ale nan yon Abri piblik Lakwawouj Ameriken dirije poutèt kalite pwoblèm sante yo genyen an. Sizoka ta gen yon siklòn, Broward County ap dirije yon Abri pou moun ki gen bezwen espesyal pou moun ki kalifye ki rete nan yon zòn kote tout moun dwe evakye.

Si ou panse ou kalifye pou w al nan Abri pou moun ki gen bezwen espesyal yo, fò w telefone pou w anrejistre anvan move tan an rive nan Biwo Moun ki aje ak Veteran lame a nan 954-537-2888 oubyen TDY 954-537-2882 pou moun ki soud ak moun ki bèbè.

Abri pou sa ki bezwen moun ede yo, kaPAb resevwa:

  • Moun ki bezwen lòt moun ede yo pran medikaman yo. Fò yo vin ak medikaman yo nan Abri a.
  • Moun ki bezwen lòt moun ede yo ak tib yo enstale nan kò yo, swa pou yo poupou, swa pou pipi swa pou pran medikaman, swa pou manje oubyen bwè.
  • Moun ki oblije pran kèk prekosyon nan aktivite yo mennen chak jou, san sipèvizyon yon anplwaye medikal oubyen ak yon ti kout men yon anplwaye medikal sèlman.
  • Moun ki gen pwoblèm medikal ki pa fin estab nèt epi ki merite yo voye je sou yo.
  • Moun ki oblije pran oksijèn yon lè kon sa.
  • Moun ki pa ka fè bezwen yo poukont yo paske yo gen yon pwoblèm medikal epi yo gen yon moun avè yo k ap pran ka yo.

Abri pou sa ki bezwen moun ede yo, PA kaPAb resevwa:

  • Moun ki nan chèz woulant ki pa ka sot sou chèz la pou y al sou kabann oubyen nan twalèt san pa gen moun pou ede yo.
  • Moun ki suiv tretman ki mande pou gen elektrisite 24 sou 24 pou yo kab jwenn tretman.
  • Moun ki pa ka al fè bezwen yo poukont yo ki pa gen moun avè yo.
  • Moun ki soufri maladi Alzaymè.
  • Moun ki pa ka viv san è kondisyone 24 sou 24.

Moun ki andikape

Moun ki andikape ap oblije deside si pou yo kite kay yo ak ki kote pou yo ale lè gen ka ijan. Koute konsèy dirijan lokal yo. Deside si sa pi bon pou w kite zòn nan, al desann kay yon zanmi oubyen ale nan yon Abri piblik.

Moun ki bezwen oksijèn nan boutèy pou yo ka respire

Moun ki bezwen oksijèn nan boutèy tanzantan pou yo ka respire, Lakwawouj ak kèk Abri espesyal ap ka resevwa yo, men fò moun sa yo pote yon boutèy oksijèn pòtatif ki plen oksijèn. Lakwawouj ak Abri espesyal yo pap ka pran moun ki oblije pran oksijèn tout tan. Si w oblije pran oksijèn pou w respire, tcheke ak kote ki pote oksijèn nan ba wou a pou w konnen si yo gen plan pou ka ijan.

Pasyan ki suiv tretman Dyaliz

Pasyan ki suiv tretman dyaliz dwe kontakte doktè yo oubyen sant kote yo al fè tretman dyaliz la tousuit pou yo fè aranjman kouman yo pral kontinye suiv tretman dyaliz yo oubyen ki sa yo dwe fè an ka pa ta gen kouran pandan plizyè jou.

Moun ki resevwa swen sante nan yon kay oubyen lakay yo

Si w malad epi se lakay ou yo vin pran swen ou, kontakte doktè ou pou w mande l sa l ta sijere ou fè. Si se nan yon kay espesyal y ap pran swen ou, kontakte kote ki reskonsab pou pran ka w la pou w konnen si yo gen yon plan pou wou pou lè gen siklòn.

Moun ki merite atansyon medikal espesyal

Si se yon seri aparèy ou depann pou w ka ret anvi oubyen si w oblije sèvi ak aparèy medikal ki mande kouran, fè aranjman pou w deplase al lòt kote bonè sizoka yo ta anonse siklòn. Moun ki malad anpil, ak sa k toujou bezwen èd lòt moun dwe kontakte kote k ap ba yo swen sante a oubyen telefone Biwo ki reskonsab afè moun ki aje ak veteran lame nan Broward county (Broward County Elderly and Veterans Services Division) nan 954-537-2888 oubyen TDY 954-537-2882 pou moun ki soud ak sa ki bèbè.

black-corner-t-l black-side-t black-corner-t-r
black-side-l 1x1

Gid preparasyon pou siklòn

dot-small

Prepare w kounye a!

dot-small

Ki sa siklòn ye?

dot-small

Danje ki gen nan siklòn

dot-small

Lis kontwòl preparasyon

 

· Anvan sezon siklòn nan rive

 

· Pandan anons pou veye siklòn

 

· Pandan gen yon avètisman siklòn

 

· Apre yon tanpèt fin pase

dot-small

Kat ki montre zòn evakiyasyon

dot-small

Wout evakiyasyon

dot-small

Fason pou w pwoteje kay ou

dot-small

Fason pou w pwoteje bato w

dot-small

Pou sa ki bezwen moun ede yo

dot-small

Fè preparasyon pou bèt kay

dot-small

Inondasyon epi asirans

dot-small

Konsèy sou sèvis dijyèn

dot-small

Konsèy sou dlo tiyo ak dlo lapli

dot-small

Prekosyon nan sèvi ak dèlko

dot-small

Klas fòmasyon CERT gratis

dot-small

Moun ou ka kontakte

dot-small

Sit wèb ki enpòtan

dot-small

Inisyativ preparasyon pou moun ki abite nan kondominyòm

dot-small

Gid Pou W Pare PDF File

dot-small

Información en Español

dot-small

Information in English

1x1
black-corner-b-l black-side-b black-corner-b-r

U.S. Department of Homeland Security
Federal Emergency Management Agency (FEMA)
Hurricane Preparedness Web Site
Florida Division of Emergency Management (DEM)
Broward County Emergency Management Agency
National Weather Forecast
Florida Department of Law Enforcement
Salvation Army
American Red Cross
Local Emergency Planning Committee

Get Free CodeRED Emergency Notifications