Vil Fort Lauderdale, Florid, preparasyon pou siklòn - Konsèy sou dlo ak dlo lapli
City of Fort Lauderdale, Florida - Venice of America
spacer

Preparasyon pou siklòn

Kèk konsèy pou sezon siklòn nan sou afè dlo ak dlo move tan an pote

Jan yo trete dlo, Distribisyon dlo epi Konsève dlo

Hurricane Checklist

Sere yon galon dlo pou chak moun bwè pa jou. Sere ase pou twa a sèt jou. Moun ki gen plis nesesite ka bezwen plis dlo tankou (tibebe, timoun piti, moun ki aje, moun ki malad epi bèt kay). 

Hurricane Checklist

Si presyon dlo a ba oubyen yo koupe dlo a pou yon ti tan, pa flòch twalèt yo souvan. Pa lave remiz machin, pa lave machin, epi fèmen tout sistèm pou awoze gazon pou nou ka konsève dlo apre move tan an.

Hurricane Checklist

Pou evite inondasyon, asire twou ego ki pre lakay ou pa bouche ak okenn fatra, kon sa dlo ap ka desann nan twou ego yo san pwoblèm.

Hurricane Checklist

Al anrejistre nan sistèm “CodeRED®” nan vil la pou yo ka telefone w pou avèti w lè gen enfòmasyon ijan. Si ta gen yon ka ijan ki gen rapò ak dlo, sèvis dijèn, ak lòt sèvis vil la bay, y ap telefone w tousuit pou yo ba w enfòmasyon ki nesesè. Al enskri sou sit wèb sa a http://www.fortlauderdale.gov/code_red.htm?GroupID=1075 oubyen telefone nan 954-828-8000.

Hurricane Checklist

Si w ta wè yon manman tiyo ki kase oubyen ki koule, oubyen yon twou ego ki bouche oubyen moun k ap jete fatra nan kouran dlo ki desann, telefone Biwo sèvis kliyan an pou w mete yo okouran nan 954-828-8000.

Avi pou moun bouyi dlo

Si sistèm pou pirifye dlo a ta pèdi presyon oubyen li ta sispann travay pandan yon sèten tan, Vil Fort Lauderdale kab kominike ansanm ak Depatman sante nan Broward County epi yo ka bay Avi pou moun bouyi dlo yo sèvi. Sa vle di, tout dlo moun ap sèvi pou bwè, pou kuit manje oubyen pou bwose dan, fò yo bouyi dlo a pou omwen yon minit.

Kou yo fin repare sèvis dlo a kote ki te gen pwoblèm dlo yo, Biwo ki reskonsab afè dlo a ap teste dlo a nan zòn ki te gen pwoblèm dlo yo. Sa pran omwen 24 èd tan pou yo fin fè yon tès kon sa.

Avi pou moun bouyi dlo a ap toujou an plas jiskake yo fini ak tout tès yo epi rezilta yo montre kalite dlo a bon ase pou moun sèvi dapre tout estanda yo mete sou plas.

Kou rezilta tès dlo yo aseptab, Vil la ansanm ak Depatman Sante nan Broward County ap bay yon lòt Avi pou moun pa oblije bouyi dlo a, sa vle di pesonn pap oblije bouyi dlo ankò pou bwè, pou kuit manje, oubyen pou bwose dan.

black-corner-t-l black-side-t black-corner-t-r
black-side-l 1x1

Gid preparasyon pou siklòn

dot-small

Prepare w kounye a!

dot-small

Ki sa siklòn ye?

dot-small

Danje ki gen nan siklòn

dot-small

Lis kontwòl preparasyon

 

· Anvan sezon siklòn nan rive

 

· Pandan anons pou veye siklòn

 

· Pandan gen yon avètisman siklòn

 

· Apre yon tanpèt fin pase

dot-small

Kat ki montre zòn evakiyasyon

dot-small

Wout evakiyasyon

dot-small

Fason pou w pwoteje kay ou

dot-small

Fason pou w pwoteje bato w

dot-small

Pou sa ki bezwen moun ede yo

dot-small

Fè preparasyon pou bèt kay

dot-small

Inondasyon epi asirans

dot-small

Konsèy sou sèvis dijyèn

dot-small

Konsèy sou dlo tiyo ak dlo lapli

dot-small

Prekosyon nan sèvi ak dèlko

dot-small

Klas fòmasyon CERT gratis

dot-small

Moun ou ka kontakte

dot-small

Sit wèb ki enpòtan

dot-small

Inisyativ preparasyon pou moun ki abite nan kondominyòm

dot-small

Gid Pou W Pare PDF File

dot-small

Información en Español

dot-small

Information in English

1x1
black-corner-b-l black-side-b black-corner-b-r

U.S. Department of Homeland Security
Federal Emergency Management Agency (FEMA)
Hurricane Preparedness Web Site
Florida Division of Emergency Management (DEM)
Broward County Emergency Management Agency
National Weather Forecast
Florida Department of Law Enforcement
Salvation Army
American Red Cross
Local Emergency Planning Committee

Get Free CodeRED Emergency Notifications